Rankontre Ayanna

Ayanna Pressley se yon defansè, yon desidè politik, yon aktivis, ak yon sivivan. 6 novanm 2018 Ayanna genyen eleksyon pou reprezante 7yèm distrik Massachusetts nan palman etazini sa te fe de li premye fanm nwa ki pase nan eleksyon pou kongrè nan Commonwealth Massachusetts. Ayanna kwè ke moun ki pi pre soufrans ta dwe moun ki pi pre pouvwa a e ke yon divèsite vwa nan pwosesis politik yo nesesè pou elabore politik piblik kap pi efikas.

Li fet nan Cincinnati e grandi nan Chicago, Ayanna se sèl pitit manman li ki se yon selibatè ak papa li ki ap rantresoti nam sistem jidisyè penal la. Manman Ayanna ki se Sandra Pressley te yon militan pou dwa lokatè ki transmèt li valè angajman sivik. Gras a devosyon manman li pou militans, Ayanna te toujou trè konsyan de wòl ke gouvènman kapab jwe nan soutni fanmi ak kominote.

Ayanna demenaje al Boston MA en 1992 poul al etidye nan Boston University. Li travay kom asistan pou kongrèsman Joseph P. Kennedy II e aprè pou Senatè John Kerry. Vi pwofesyonèl Ayanna reflete angajman a sevis e pou leve vwa moun ki nan kominote li.

Pandan 2009, li lanse yon gwo kanpay istorik pou konsèy minisipal nan Boston e li genyen; sa ki fel vini premye nwa ki genyen eleksyon nan 100 tan listwa konsèy sa. Nan Konsèy sa, kongresis Pressley travay ansanm ak rezidan, defansè ak lot elektè ofisyèl pou konbat inekite ak disparite ke kominote yo ap fè fas.

Nan kongrè, Ayanna konsakre li a yon lidèchip odasye ak aktivis ke li te ensiste pandan tout kanpay inovan li an. Li entwodui lwa pou asire dedomajman ki ekitab pou travayè ki pa touche anpil, pou sipote sivivan agresyon seksyèl ak asèlman ak pou fondamantalman retravay sistèm jidisyè penal pami tout lòt. E li te yon defansè aktif nan non kominote imigran nou yo , dirije kreyasyon lavni transpò komis goumen pou pwoteje kesyon kritik sou dwa repwodiksyon ak pou kenbe White House la responsab.

Pandan 2018, Ayanna te nonme youn nan Boston Globe “ bostonians of the year” e pandan 2016 li te youn nan 14 New York Times jenn demokrat pou gade. Li te onore pa chanm komès Boston an kom youn nan 10 ekselan jenn lidè e avek trofe lidèchip de sant dwa viktim. Nan 2015, li genyen trofe Emily’s List rising star e li te nonme youn nan 50 moun ki gen pouvwa nan Boston magazin. Li se yon Aspen-Rodel Fellow nan piblik lidèchip, klass 2012.

Ayanna abite nan Hyde Park katye nan Boston avek mari li Conan Harris, bèlfi li Cora ki gen 11 zan, ak chat Sojourner Truth.