Pwoblem

Nan kongrè a, Ayanna ap defann lwa/règleman ki santre sou moun pou adrese difikilte ke kominote yo ap fè fas. Li ap travay bò kote lidè kominotè, oganizatè ak manm kominote sou pwoblèm ki enpòtan- soti depi sou jistis rasyal ak ekonomik rive sou aksè a lojman ak lojman ki gen pri abòdab, swen sante, transpò ak lòt-pou reyalize pwogrè pou tout moun nan setyèm distrik nan Massachusetts.

Setyèm distrik kongrè Massachusetts la divèsifye ak vibran. Li se tou youn nan distrik ki pi inegal nan nasyon an. Ayanna fè sa vinn youn nan travay lavi li poul ranvèse eritaj yon ansanm règleman ki danjre e li vle avanse nan jistis, ekite ak guerizon.Entansyon li se toujou asirel ke sa ki nan lapèn yo se yo ki pwòch pouvwa a pou guide ak enfòme nan règleman lap defann yo.